Ale nan kontni prensipal la

Akademi

Ou vle lanse karyè ou nan teknoloji?

Aplike pou pwochen gwoup la.

li kòmanse en liy

Nou ofri pwogram fòmasyon an liy ("bootcamps") pou jèn pwofesyonèl ki vle kòmanse, chanje oswa amelyore karyè teknolojik yo. Wap ka kolabore ak kòlèg ou yo epi ou konplete pwojè aplike yo avèk sipò ekip nou an. Moun ki gradye ak siksè yo ap jwenn aksè a rezo patnè anplwa nou yo.

Aprann konpetans teknolojik ki pi an demann yo.

– Entèlijans Atifisyèl ak Syans Done.
– Jeni lojisyèl.
– Sibersekirite.

Nou kreye pwogram fòmasyon entansif ki ede w kòmanse, chanje direksyon oswa amelyore karyè teknolojik ou yo.

Pa bezwen eksperyans anvan.

Nenpòt moun ki gen plis pase 18 an ki pale angle byen ankouraje pou aplike.

Nou fasilite anplwa. Nou pa garanti anplwa.

Nou ba ou konpetans teknik ak konpòtmantal ki pi an demann pou ou ka jwenn travay ou vle a. Nou mete ou an kontak ak rezo patnè anbochaj nou yo epi nou gide ou pandan tout pwosesis la, men se ou menm ki gen responsablite pou ou byen fè entèvyou yo. Nou fasilite plasman travay. Nou pa garanti li.

Ou gen lòt angajman?

Pwogram nou yo se pwogram a tan pasyèl. Si ou gen yon travay lajounen, lekòl, oswa lòt angajman, ou pa ta dwe gen pwoblèm—osi lontan ke ou ka konsakre 20 èdtan pa semèn nan pwogram nan.

Chak semèn, wap gen konferans ak laboratwa an dirèk.

Nou ba ou video leson ak egzèsis pou ou konplete anvan laboratwa an dirèk chak semèn. Ou pase rès tan an sou pwojè pratik.

Denye mwa, n'ap gen yon jounen demonstrasyon.

Chak etidyan ap gen pou prezante pwojè final li a bay lòt etidyan ak envite espesyal yo atravè yon evènman an dirèk sou entènèt. Montre mond lan sa ou kabap fè nan selman 6 mwa.

Aprèsa, lanse karyè w.

Nap pataje travay etidyan yo ak patnè ki ap anplwaye yo. Nou bay konsèy tou pou moun ki enterese nan freelance, solopreneurship oswa antreprenarya.

Patnè nou yo

Mwen vle fè pati pwochen gwoup la.

© 2026 Akademi, Inc. Tout dwa rezève.